An independent news publication of
United Way of Lancaster County

Search

Selebrasyon eritaj ayisyen nan lakou Lancaster

Lakou Mizik (Photo: Daniel Schechner)

(Editor’s Note: This is an article in Haitian Creole about the upcoming residency of the band Lakou Mizik in Lancaster. It was written for One United Lancaster by Herve Dorsainvil, a Haitian journalist and communications professional who lives in Lancaster. For an English-language article on Lakou Mizik’s visit, click here.)

“Ayisyen se yon pèp kap chante, kap soufri, ki nan lapenn kap ri, yon pèp kap ri, danse epi rezinye- l” (Doktè Jean Price-Mars, 1928)

Vil Lancaster ap pare pou resevwa yon semèn aktivite kiltirèl ak atistik, soti 12 pou rive 18 Jen 2022. Aktivite sa jwenn sipò Lancaster city, Church World Service ak Hub 450. Konsèp Lakou nan reyalite Ayisyen lan pral yaya kò-l nan vil Lancaster ak yon seri anbyans, ki gen objektif reyini kominote Ayisyano-Ameriken lan, nan Central Pennsylvania pou manje ak bwè, jwe, tande ak danse mizik tradisyonèl, koze ak lodyanse ansanm, sou kilti ak richès peyi Dayiti.

Lakou Mizik, yon gwoup atis Ayisyen kap evolye an Ayiti, ap fè deplasman an pou anime plizyè atelye atistik ak kòlèg mizisyen ameriken, isit nan Lancaster. Bann lan ap pote plezi mizik ki makònnen ak kilti, rasin epi idantite pèp Ayisyen an. Pandan yon semèn rezidans atistik, atis Lakou Mizik yo ap jwe wòl anbasadè kilti Ayisyen an atravè divès aktivite, pami yo: animasyon evènman kominote; atelye sou teknik jwe tambou, dans ak ritm tradisyonèl mizik Ayisyen. Bann Lakou Mizik ap gen pou bay 2 konsè pami yo, youn nan okazyon selebrasyon Jounen mondyal Refijye yo, nan BInns Park, anba lavil Lancaster.

De (2) nan reprezantan enstitisyon kap sipòte aktivite a ki se Councilman Lochard Calixte ak Matthew Johnson eksprime satisfaksyon yo, epi anvizaje rezilta pozitif nan kominote a. Prezans bann Lakou Mizik nan Lancaster rejwi kè councilman Lochard Calixte, ki gen lonbrik li makònen ak Ayiti. Eli minisipal dorijin Ayisyen an deklare aktivite kiltirèl sa dwe louvri pòt pou yon kominikasyon pi efikas ak kominote Ayisyèn lan, pou sèvi li pi byen. Responsab la deklare, ke dezomè yon pon pral kreye pou pèmèt li travay ak kominote Aysyen an, sou divès pwojè, pami yo yon pwojè lojman.

Selon responsab kominikasyon òganizasyon Church World Service (CWS) la, Matthew Johnson, semèn echanj ak banbòch kiltirèl sa gen objektif fè kominote ayisyen an renwe ak rasin li epi simante manm kominote a youn ak lòt. Repezantan enstitisyon kap akonpanye imigran nan Lancaster a presize aktivite sa vize fè rekonèt richès kiltirèl ak eritaj Ayiti, isit nan Lancaster, nan okazyon selebrasyon jounen mondyal refigye yo. Depi omwens senk (5) lane CWS, toujou daprè Matthew Johnson, ap òganize festival kiltirèl nan vil la pou wete chapo devan divèsite epi selebre diferans kiltirèl imigran ki soti toupatou.

Pi lwen, mesye Johnson deklare eveneman sa se yon tentative pou eksprime senpati epi plede anfavè imigran ayisyen yo, non selman nan Lancaster, men tou sou tout teritwa Etazini an. Matthew Johnson pwomèt nan sans sa, li pral konvenk otorite minisipal Lancaster yo pou fè drapo ayisyen flote nan city a, tankou sa fèt pou lòt kominote, nan okazyon 18 Me, apati lane 2023.

Pandans tan sa, atis Lakou Mizik yo ki deja nan yon virewon sou teritwa Ameriken an, pa ka tann pou ateri Lancaster ak djakout yo chaje kou Legba. Steeve Valcourt, ki se mayestro, gitaris ak chantè band lan, ansanm ak kanmarad mizisyen li, Samba Zoa, yon manm gwoup la, epi pwofesè nan Lekòl Nasyonal Dèza nan kapital Ayiti, Potoprens (ENARTS), eksprime fyète ak eksitasyon yo pou prezan nan Lancaster.
Pandan semèn rezidans atistisk la, atis Lakou Mizik yo pwomèt pou pote elemen kilti ayisyen lan sou divès fòm. Dabò, nan echanj ak pataj.

Samba Zao ki di lap travay pou fòmalize teknik tanbou Ayisyen an, nan ekri sòlfej. Li di li pral pataje san rezèv richès ritmik jwe tanbou ayisyen ak patisipan atelye li pral anime yo. Samba-a site rit tankou Ibo, Nago, Petwo, Yanvalou ak lòt ankò li pral pataje sou plas. Daprè enstriktè ENARTS la, demach sa ap louvri konpreyansyon konpayèl tanbourinè Ameriken li yo sou langaj mizikal Ayisyen.

Steeve Valcourt ak Samba Zao anonse nan non Lakou Mizik ke yo prevwa fè Lancaster vibre sou woulman ak son tanbou, grajman gita, ak souf vaksin. Gwoup la pral jwe stil mizik tradiyonèl sou rit kongo lawoz, Ibo, Nago, Mayi, Rara, anfin tout graten mizik tradisyonèl Ayisyen an, pou konte kominike yon mesaj lanmou pou Ayiti ak pou kominote Ayisyano-Ameriken an, nan Central Pennsylvania.

Lakou Mizik vize pote konsèp lakou peyi Dayiti ki charye lide tèt ansanm, fratènite ak linite nan kominote Ayisyen an, ak mizik kòm medyòm. Pou sa, bann lan pral entèprete yon varyete mizik li pwize nan fon tradisyonel ak popilè Ayisyen an. Yap seleksyone chan sou premye albòm yo ki titre “Wa di yo”, ak sou albòm “Haitian No la”. Albòm Haitian No la, se yon reyalizasyon, daprè Steeve Valcourt, ki mayande kilti Ayiti, New-Orleans ak Savannah. Se yon albòm brasaj kiltirel ki makònnen Ayiti ak Etazini. Atis yo kwè alyans sa ap satisfè piblik la.

Semèn aktivite ki dedye ak eritaj kiltirel Ayisyen nan central Pennsylvania ap ofri posibilite pou lodyans ak konvesasyon blayi sou kilti ak tradisyon Ayiti. Aktivite a ap fèt an Kreyol ak tradiksyon an Anglè, gras ak konkou vil Lancaster. Patisipan Ameriken ak lot kominote ap gen opòtinite aprann anpil enfòmasyon sou Ayiti atravè mizik, chan, dans ak pawòl. Se ap okasyon, daprè oganizatè evènmam pou fè konesans ak kuizin Kreyòl Ayisyen an ki rich anpil.

Tankou Jean Price Mars di li, Ayisyen se yon pèp kap chante, kap ri, malgre mizè ak lapenn. Reyalite Lakou, gras ak mizik, lodyans, lamanjay ak respè youn pou lòt, se sa ki defini pèp Ayisyen. Lakou Mizik ap pote mizik lakou yo nan lakou Lancaster, pou plezi zòrèy, kè ak nanm, soti 12 pou rive 18 Jen 2022. Tout Ayisyen dwe la, nan sware plim pou l sa yo. Zanmi lakilti ak divèsite dwe la tou, san konplèks.

Amwalaye!